Konsènan

Repons nan Jenèz se yon ministè apolojetik (sa vle di, yon ministè ki defann Kretyènte) ki angaje pou yo ekipe Kretyen pou yo kapab defann lafwa yo e pwoklame levanjil Jezi Kri a efektivman. Nou konsantre nou patikilyèman pou bay repons avèk kesyon konsènan liv Jenèz la, paske se liv sa a, pami tout liv yo ki nan Bib la, ki jwenn plis atak. Nou genyen yon dezi tou pou nou antrene lòt moun pou devlope yon ideyoloji biblik e n'ap chache pou nou ekspoze kijan ide evolisyon yo e yon Latè ki genyen "plizye milyon ane" (e yon linivè ki menm pi gran toujou) bankwout.

RnJ anseye ke "fè" yo pa pale pou kont yo men nou bezwen entèprete yo. Sa vle di, pa gen de pati "evidans" youn pou evolisyon, youn pou kreyasyon - nou tout sèvi avèk menm evidans la (nou tout viv sou menm tè a, genyen menm fosil yo, obsève menm zannimo yo, elatriye). Diferans la se kijan nou entèprete sa nou etidye. Bib la - ki se "liv istwa linivè a" - ba nou yon rapò temwen okilè fidèl konsènan kòmansman tout bagay, e nou kapab konfye li pou li ba nou verite sou tout pwen li touche yo. Donk, nou kapab sèvi avèk li pou ede monn aktyèl sa a fè sans. Lè nou konprann fè yo kòrèkteman, yo konfime kont biblik la.

Konsènan Repons Atravè Lemonn

Repons Atravè Lemonn se bra misyonè Repons nan Jenèz e yo angaje pou yo ranpli Gran Komisyon an nan Matye 28. Depi kòmansman li, RnJ te genyen yon gran kè pou yo evanjelize e nan tout denyè ane yo, yo te òganize dezi sa a anba depatman Repons Atravè Lemonn.

Bi e dezi Repons Atravè Lemonn se pou yo pran mesaj la konsènan otorite biblik e jan nou kapab konfye istwa Bib la, ale nan monn lan. Pandan n'ap fè sa n'ap bay Kretyen ki toupatou, repons pou lafwa yo ki fè yo pi konfyan (I Pyè 3.15) e n'ap bay defi avèk preske 7 milya moun yo ki sou planèt sa a avèk verite yo ki nan Bib la.

N'ap travay avèk Kretyen lokal e misyonè nan pliske 100 peyi nan monn lan e kounyeya nou gen liv RnJ, DVD, pwogram radyo, e plizyè prezantasyon, tradwi nan pliske 76 lang. N'ap konsantre sou premye 12 lang ki plis pale nan monn lan e n'ap vwayaje avèk Ken Ham pou tradwi prezantasyon li yo ki pi aplikab, nan 12 lang sa yo ki se: Chinwa, Angle, Espanyòl, Endou, Arabik, Bengali, Ris, Pòtigè, Japonè, Alman, Franse, e Ponnjabi. Pa lontan apre nou te fenk kòmanse, prezantasyon Ken Ham yo te parèt nan Angle. Kounyeya yo parèt nan Espanyòl e Chinwa e tou talè Endou, Japonè, e Ris va parèt. Chak anne n'ap ajoute yon nouvo lang. Kote ki genyen misyonè, nou pral bay DVD sa yo gratis avèk moun ki pale lang sa yo.

Repons Atravè Lemonn genyen yon Seminè Fòmasyon Entènasyonal 2 fwa chak ane pou fòme lidè entènasyonal yo pou yo kapab pale sou kreyasyon nan pwòp peyi pa yo avèk siksè. Te genyen moun ki te soti nan Albani, Ong Kong, Izrayèl, Pewou, Saypann, e Slovaki ki te patisipe nan premye seminè a.

Repons Atravè Lemonn se yon ministè ki travay nan koperasyon avèk lòt ministè kreyasyon entènasyonal pou yo bay mesaj kreyasyon an plis fòs e efè. Direktè entènasyonal la ap vwayaje regilyèman nan zòn misyon yo nan monn lan pou anseye e bay ed avèk pastè, misyonè, e lòt lidè Kretyen. Aktyèlman li deja vwayaje nan 90 peyi diferan.

Respons Atravè Lemonn genyen yon estrateji ki va antoure lemonn pou fòtifye kwayan yo e twouve sa ki pèdi yo. Nou tèlman bezwen lapriyè ou yo pandan n'ap pataje mesaj otorite biblik la atravè lemonn.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.