7 “K” Istwa yo—Fèy kesyon yo

Sèt “K” Istwa yo - Leson 1 - KREYASYON

Sali! Papye sa a ou kenbe nan men w se kòmansman yon seri etid biblik ki baze sou ti bwochi a ki rele, Sèt “K” Istwa yo. Fòk ou gentan genyen youn nan ti liv sa yo pou w kapab fè etid sa a. Nou pral gade ti bwochi sa a ansanm pou n wè si nou kapab konprann plis konsènan bi lavi a e plan Bondye a pou nou. Nan etid sa a w’ap jwenn li ba w yon ti pòsyon pou w li nan ti bwochi a, e apre sa pral gen plizyè kesyon konsènan sa ou te li. Kesyon sa yo se pa yon seri kesyon, “vre oubyen fo,” men kalite kesyon nou pral poze yo se kesyon kote w’ap ekri sa ou panse dapre sa ou te li nan liv la. Si ou se yon kretyen deja, enben, nou swete etid sa yo va ede ou nan lavi kretyen ou a. Si ou poko fè chwa pou w swiv Jezi Kris, nou swete etid sa yo va rann li trè klè, ke Bondye te kreye w, Li vle genyen yon relasyon avèk ou, e se Li menm sèl ki merite tout glwa.

Kòmanse li nan premye paj la rive nan finisman seksyon Kreyasyon an (kanpe avan ou pran seksyon Koripsyon an).

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Ki rezon ki fè gen anpil moun ki pa kwè Bib la gen repons pou tout kesyon ki gen nan lavi sa a?
  2. Nan premye jou a Bondye te separe 2 bagay (limyè e fènwa). Ki siyifikasyon ou jwenn nan sa? Site kèk lòt vèsè nan Bib la ki sipote ide ou yo.
  3. Kisa Bondye te di ki fè nou konnen mond la se te pafè lè L te fin kreye? Konbyen fwa nou jwenn fraz sa a nan Jenèz 1?
  4. Bondye te poze nan setyèm jou a. Dapre sa nou li nan Bib la poukisa Li te fè sa?
  5. Kisa molekil ADN la gen pou l di nou konsènan Kreyatè a?

Si ou gen yon bagay ou pa konprann, oubyen si ou gen yon kesyon ou ta renmen poze pou w jwenn yon repons, ou mèt ekri l sou liy ki anba yo e lè nou korije leson an n’ap tou ekri yon repons pou ou.

Toujou sonje pou w bay vèse Biblik pou repons ou yo. Si ou bay yon repons, pa bliye mete referans Bib la ki sipote sa ou te ekri.

Sèt “K” Istwa yo - Leson 2 - KORIPSYON

Mwen swete ou te byen konprann leson pase a paske li se yon leson ki trè enpotan nan lavi sa a. Fòk nou konprann kibò nou te soti avan nou kapab rekonèt poukisa Bondye pi enpotan pase tout lòt bagay nan lavi nou. Kòm se Li menm ki te kreye nou se Li menm tou ki gen dwa kenbe premye plas nan lavi nou. Nan leson sa a nou pral wè kisa ki te pase bon kreyasyon an. Kreyasyon an se te yon kreyasyon pafè. Pa gen anyen ki te mal nan kreyasyon an. Jan mond la ye jodi a se pa konsa Bondye te vle l. Nou pral pale sou kisa ki fè mond la te kowonpi e sou poukisa li konsa jounen jodi a. Fè anpil atansyon pandan w’ap fè lekti nan ti bwochi a pou w kapab konprann e reponn kesyon yo byen.

Kòmanse li nan paj 6 rive nan paj 10 (seksyon sa a rele Koripsyon).

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Nan kòmansman leson an nou wè yon vèse ki di nou Bondye te defann lòm pou yo manje nan yon pyebwa. Poukisa Bondye te bay yo lòd pou yo pa manje nan pyebwa sa a?
  2. Kòm tout bagay te pafè deja, poukisa lòm te vle yon lòt bagay? Poukisa sa te yon tantasyon pou yo?
  3. Poukisa Dyab la te vle yo manje fwi ki te gen nan Pyebwa Konesans Byen e Mal la?
  4. Poukisa Adan te dezobeyi Bondye? Eske se paske li te twonpe (site ki vèse ki fè ou di sa)?
  5. Eske nou fèt pafè? Eske Bondye bay nou yon fason pou n venkè?
  6. Poukisa gen lamò e soufrans?
  7. Kisa ki se dènye lènmi a?

Si ou ta gen yon lòt kesyon oubyen yon bagay ou ta renmen ajoute sou leson an ou ka ekri l la.

Sèt “K” Istwa yo - Leson 3 - KATASTWÒF

Nan dènye leson an, nou te aprann kijan mond pafè a te kowonpi. Se te desizyon lòm pou yo fè chemen pa yo a ki te fè tout bagay pafè yo te kowonpi. Eske lòm te repanti yo pou sa? Se kesyon sa nou pral gade nan leson sa a. Nou pral aprann si lòm te konsyan pou jan yo te kowonpi mond la oubyen si se konsa nou toujou aji. Adan e Ev te fè yon aksyon kote anpil moun ka panse aksyon sa a se te yon bon aksyon. Yo te manje nan yon pyebwa ki te rele “Konesans Byen e Mal.” Eske sa se pa’t yon bon bagay? Paske avan sa yo pa’t konnen sa ki te bon ak sa ki mal. Eske sa pa t’ap ede desandan yo pou yo fè yon pi bon chwa? Si lòm te konnen sa ki bon ak sa ki mal eske yo pa t’ap deside pou yo fè sa ki bon? Se kesyon sa yo nou pral reponn avèk twazyèm leson sa a!

Kòmanse li nan paj 11 li jiskaske paj 15. Seksyon sa a pale sou Katastwòf la.

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Apre Adan e Ev te peche (se sa ki rele Chit la), eske moun yo te kòmanse sèvi Bondye pi byen? Kijan kè yo te ye devan Bondye?
  2. Kisa Bondye te deside fè poutèt jan lòm te ye?
  3. Poukisa Bondye te delivre Noe anba destriksyon sa a?
  4. Kijan Bondye te fè sa?
  5. Eske Bondye te bay lòt moun yo chans pou yo te ka sove tou?
  6. Eske tout bagay te detwi? Si tout bagay pa’t detwi, kijan Bondye te sove lòt bagay yo?
  7. Kisa lakansyèl la vle di?
  8. Eske Bib la eksplike kibò dlo a te soti e poukisa gen yon bann bagay etranj (tankou fosil sou tèt monn yo) nan mond la?
  9. Ki vèse ki eksplike poukisa moun yo kwè nan evolisyon?

Sèt “K” Istwa yo - Leson 4 - KONFIZYON

Nan 3 leson ki sòt pase yo nou gentan aprann anpil bagay konsènan istwa mond la e lavi nou. Nan kòmansman Bondye te kreye Adan e Ev pafè. Sa vle di te gen 2 moun sèlman sou fas tè a. Men nou te aprann 2 moun sa yo te peche e te rebele kont Bondye. Se sa ki fè Bondye te oblije voye yon gwo Delij ki te detwi tout moun sou tè a eksepte Noe e fanmi li. Alò mond la te gen yon sèl fanmi ankò. Enben kijan nou vin gen yon gwo varyasyon ant moun yo jounen jodi a? Se kesyon sa a nou pral pale nan leson sa a? Lè ou fini ak leson sa a mwen panse w’ap konprann poukisa genyen gwo diferans ant moun k’ap viv sou tè a kounyeya. Fè anpil atansyon pou w ka konprann repons la atravè leson sa a.

Kòmanse li nan paj 16, ou mèt kanpe lè ou rive nan finisman paj 19.

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Apre Delij la tout moun te rete yon sèl kote pou yo bati yon gwo vil. Ki lòd Bondye te gentan pase yo ki montre nou sa yo t’ap fè pa’t bon (yo t’ap dezobeyi Bondye)?
  2. Poukisa genyen yon bann langaj nan mond la jodi a?
  3. Si nou ta gade atravè lemonn nou ta wè nou pa sanble nèt. Kisa seksyon Konfizyon an anseye nou sou poukisa nou pa fin sanble youn ak lòt?
  4. Eksplike kijan ti gwoup yo t’ap fè moun yo genyen yon karakteristik byen espesifik.
  5. Kijan nou kapab konnen nou tout genyen yon nwasi diferan nan menm koulè a, e nou pa gen koulè diferan?
  6. Poukisa gen yon bann istwa ki sanble atravè tout mond la?
  7. Rezime tout sa ou gentan aprann nan ti bwochi a konsènan istwa mond la.

Pa bliye pou w toujou ekri referans Biblik yo pou repons ou bay yo.

Sèt “K” Istwa yo - Leson 5 - KRIS

Bib la bay Jezi yon lòt non, Bib la rele L “Kris” tou. Mo “Kris” la se yon mo Grèk ki vle di “konsakre.” Li vle di Mesi a, “Kris” se yon lòt non pou Jezi. Bondye te konsakre “Kris” pou L te fè yon travay espesyal. A menm tan te gen yon lòt non ki te eksplike travay sa a. Dapre I Korent chapit 15 nou aprann “Kris” se te yon dezyèm Adan. Seksyon sa a pral eksplike nou pi byen poukisa yo rele Jezi “dènye Adan an.” Swiv byen pou wè si ou kapab konprann sa paske pa gen anyen ki pi enpotan pase sa nan tout mond la.

Kòmanse li nan paj 20 e li jiskaske ou fin li paj 23.

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Poukisa nou tout merite yon penn lamò (sa vle di nou merite mouri pou sa nou te fè)?
  2. Site kèk vèse ki soti nan Ansyen Testaman ki di Bondye te pwomèt pou L voye yon Sovè.
  3. Poukisa desandan Adan yo te konn sakrifye zannimo?
  4. Poukisa Bondye te bay lòm Lalwa a (Lalwa se tout sa ki ekri nan Ansyen Testaman
  5. tankou sa Bondye te bay Moyiz sou Monn Sinayi)?
  6. Eske yon moun ka fè tout sa ki ekri nan Lalwa a?
  7. Poukisa Bondye te bezwen voye Pitit Li a pou retire peche lòm?
  8. Eske Jezi te ranpli pwofesi Ansyen Testaman yo?
  9. Ekri kèk vèse ki di Jezi pa’t janm fè peche pandan Li te sou tè a.
  10. Poukisa Jezi te vini sou tè a?

Sèt “K” Istwa yo - Leson 6 - KWA

Eske Bondye gentan pale nan kè w atravè etid sa yo? Seksyon sa a se yon seksyon ki pi pèsonèl pase tout lòt seksyon yo. Nou gentan aprann konsènan premye e dènye Adan yo e nou te aprann kijan aksyon premye Adan yo te kondane nou tout. Nan seksyon sa a nou pral wè kijan dènye Adan te fè yon travay ki te san parèy. Travay sa a te fèt sou yon kwa e se sa nou pral gade nan etid sa a. Eske w’ap dakò pou w swiv travay premye Adan an? Oubyen eske w’ap deside pou w swiv Dènye Adan an? Toulede Adan sa yo mennen nan yon destinasyon etènèl, ki destinasyon w’ap chwazi?

Kòmanse lekti seksyon sa a nan paj 24. W’ap fin li nan finisman paj 27.

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Kisa penn peche premye Adan an te ye?
  2. Kijan dènye Adan an te retire penn sa a?
  3. Premye Adan an te pote lamò nan mond la. Kisa dènye Adan an te pote?
  4. Kilès ki te fè premye e dènye sakrifis yo pou peche? Ekri kèk vèse ki di sa.
  5. Kijan nou kapab soti nan lamò pou n rive jwenn lavi? Bay vèse yo ki eksplike sa.
  6. Ekri 2 fason ki fè nou konnen Jezi te resisite nan lamò.
  7. Ekri vèse a ki sou tèt seksyon sa a nan ti bwochi a. Li t’ap bon pou w kenbe vèse sa yo nan memwa w.

Sèt “K” Istwa yo - Leson 7 - KONSOMASYON

Nou rive nan dènye leson an. Leson sa a pral pale sou sa k’ap vin an dènye. Nou gentan aprann anpil bagay sou sa ki te fèt nan tan pase men kounyeya nou pral pale plis sou sa k’ap vini tan fiti a. Bondye te fè yon premye tè ki te pafè, e Li te kreye lòm pou mete ladan l. Lòm yo te pafè, tout bagay nèt te pafè, menm bèt yo! Alò kijan sa va ye pou sa k’ap vini? Eske tout moun nèt pral jwi yon lavi ki pafè? Eske tout moun pral soufri pou letènite? Kijan Bondye pral deside bagay sa yo? Eske nou konnen kijan Li pral fè desizyon sa a? Nou swete w’ap fè atansyon pandan w’ap swiv leson sa a pou w kapab twouve tout repons yo nèt. Non sèlman Bondye pral fè bagay sa yo men Li vle nou konnen sa k’ap vini. Se pou rezon sa a Li te bay nou Pawòl Li. Se lè nou li Bib la e lè nou kwè sa li di nou kapab konnen tout bagay sa yo.

Kòmanse li nan paj 28 e kòm sa se dènye leson an ou mèt rive nan finisman bwochi a.

Reflechi byen sou sa ou te li avan ou reponn kesyon yo.

  1. Nan liv sa a nou gentan gade Katastwòf ki te pase nan jou Noe yo, Konfizyon an ki te pase nan Tou Babèl la, e lamò Kris sou Kwa a. Kisa ki te lakoz tout bagay sa yo?
  2. Kilè lamò te rantre nan mond la?
  3. Eske gen yon moun ki kapab di li te obeyi Bondye nan tout bagay nan lavi li? Ekri kèk vèse ki fè ou di sa?
  4. Eske Bondye ap kite nou san solisyon?
  5. Dapre sa Bib la di, nan ki plas pa’p gen lamò, tristès, dlo nan je, e doulè?
  6. Kiyès ki pral jwi yon nouvo syèl avèk yon nouvo tè?
  7. Menm lè deja gen 2 000 ane depi Jezi te mouri, kijan nou kapab konnen bagay sa yo ap toujou fèt?

Nou swete tout kesyon sa yo ki te gen nan etid la te ede ou reflechi pi byen sou ti bwochi Sèt “K” Istwa yo. Nou swete etid sa a te ede ou konprann istwa mond la pi byen paske tout sa ki gen nan Bib la te ekri pou, “anseye moun, pou fè moun obsèvasyon, pou korije moun, pou edike moun nan sa ki jis” (2 Timote 3.16). Bib la se Pawòl Bondye tout bon vre e nou dwe li l pou n kapab mennen yon lavi k’ap fè Bondye plezi. Dapre Ebre 4.12 e 13, “Pawòl Bondye a vivan, li aktif. E li pi file pase tout epe 2 bò. Li koupe jis li rive separe nanm ak lespri jwenti zo ak mwèl. E li sonde santiman ak lide ki nan kè moun. Pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan li. Men, tout bagay aklè, yo tou louvri devan je sila n’ap gen pou nou rann kont lan.” Alò se pou n kite Pawòl Bondye a (ki se Bib la) sonde nou nan tout sa n’ap fè. Se pou n chache gen yon relasyon avèk Kreyatè a paske se poutèt sa menm Li te voye pitit Li a mouri pou nou. Nou swete etid sa a va ede ou gen yon vre relasyon ak Bondye paske sa se pi gwo bi ki gen nan lavi. Tout glwa pou Bondye!

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.