Ken Ham

Ken Ham se prezidan e fondatè Repons nan Jenèz-U.S. e Mize Kreyasyon an ki gen gwo aklamasyon. Li se youn nan oratè Kretyen yo ke moun nan Amerik Nò a plis mande. Ham se yon natif Ostralyen men kounyeya li abite toupre Sennsinati, Owayo. Li se otè plizyè liv sou liv Jenèz la, otorite e verite Bib la, dinozò yo, e liv sou kijan fwi panse evolisyon yo detwi (pa egzanp liv li te fenk ekri avèk yon lòt moun sou "ras yo" e rasis ki rele Plantasyon Dawen, e liv ki pi byen vann, Manti a: Evolisyon (link: The Lie: Evolution)).

Ken se otè yon pwogram radyo chak jou ki rele "Repons...avèk Ken Ham," e moun koute pwogram sa a sou pliske 900 estasyon Ozetazini (plis plizyè douzèn atravè lemonn). Li se youn nan redaktè e otè yo pou Repons magazin (yon piblikasyon RnJ avèk yon ideyoloji biblik ki gen pliske 60 000 moun atravè lemonn ki enskri pou resevwa li). Mize Kreyasyon an genyen yon nivo teknoloji ki wo e li te ouvè tou dènyeman toupre Ayewopò Sennsinati a. Li te atire pliske 250 000 vizitè (e jounalis sekilè yo) nan premye 9 mwa yo apre li te ouvè. Mize a se yon pwodwi sèvo Ken.

Ken Ham gentan pale nan plizyè peyi entènasyonal tankou Japon, Almay, Frans, Espay, Meksik, Grann Bretay, Repiblik Ilann lan, e Saypann ki se yon zile ke Lezetazini kontwole, san nou pa site tout. Ekip Repons Atravè Lemonn nan gentan rekopye e tradwi pawòl Ken yo nan Espanyòl e Chinwa (kòm DVD) e tou talè Endou ap swiv. Depi lontan li genyen yon pasyon pou misyon global yo. Sonje sa se yon moun ki te kite Ostrali pou ale Ozetazini nan 1987 kòm yon misyonè an Amerik.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.