Deklarasyon sou Kwayans

Priyorite yo

  1. Aspè syantifik yo konsènan kreyasyon, genyen enpòtans, men yo segondè nan enpòtans aprè pwoklamasyon levanjil Jezi Kri a.
  2. Doktrin Kreyatè e Kreyasyon yo pa kapab divòse ak levanjil Jezi Kri a.

Kwayans bazik yo

  1. 66 liv yo nan Bib la se Pawòl Bondye (nan ekriti). Bondye te enspire Bib la e li san erè, soti nan kòmansman rive nan finisman. Tout sa li di nan òtograf orijinal yo se verite. Li se otorite siprèm lan nan tout sa li anseye.
  2. Dènye gid la pou entèprete Ekriti a se Ekriti a li menm menm.
  3. Kont orijin yo ki prezante nan Jenèz se yon prezantasyon senp, men an menm tan vre, konsènan evènman veritab e konsa li bay yon estrikti pou rechèch syantifik annegad kesyon yo konsènan orijin e istwa lavi, lòm, latè a, e linivè a.
  4. Diferan fòm lavi orijinal yo (tip yo), lòm tou, te kreye atravè aksyon dirèk Bondye e kreyativite Li. Nenpòt nan desandan aktyèl, ki soti nan tip orijinal yo (eksepte lòm) kapab reprezante pliske yon sèl espès jodi a. Sa montre kapasite jenetik ki genyen nan tip orijinal la. Se sèlman chanjman byolojik ki limite (avèk chanjman deteryore) ki te fèt natirèlman nan chak tip depi Kreyasyon.
  5. Gran Delij la nan Jenèz, se te yon vrè evènman istorik ki te afekte tout monn nan (li te yon delij global) nan estansyon e efè li.
  6. Adan (premye gason an) e Ev (premye fi a) te yon kreyasyon espesyal e chit yo nan peche se baz la pou sali nesesè lòm.
  7. Lamò (fizik e espirityèl) e koule san te antre nan monn sa aprè peche lòm e kom yon konsekans dirèk pou li.

Teyoloji

  1. Bondye se yon trinite: yon Bondye, twa pèsòn - Bondye Papa a, Bondye Pitit la, e Bondye Sentespri a.
  2. Tout lòm se pechè akòz eritaj nou nan Adan e endividyèlman (akòz chwa nou) e konsa nou sijè anba kòlè Bondye e kondanasyon.
  3. Lòm kapab jwenn libète anba amann e pouvwa peche sèlman atravè sakrifis Jezi Kris nan lamò Li e san Li ki te koule, e nan Rezirèksyon konplèt Li lè kò Li te soti vivan nan lamò.
  4. Lesentespri rann li posib pou yon pechè kapab repanti e kwè nan Jezi Kris.
  5. Lesentespri ap viv e travay nan chak kwayan pou pwodwi fwi lajistis yo.
  6. Sali se yon kado ke nou kapab resevwa sèlman atravè lafwa nan Kris, e li jwenn ekspresyon li nan repantans endividi a, li rekonnèt lamò Kris te peye kòm pri total pou peche, e li aksepte Kris la ki resisite kòm Sovè, Senyè e Bondye.
  7. Tout bagay ki nesesè pou sali nou ekri klèman nan Lekriti oubyen nou kapab twouve yo atravè konsekans bon e nesesè nan Lekriti.
  8. Lesentespri te ansent Mari, ki te yon vyèj, e li te akouche yon ti moun ki se Jezi Kris.
  9. Kò Jezi Kris te leve soti nan lamò, Li te monte nan Syèl la, e kounyeya Li chita bò dwat Bondye Papa a e Li va retounen pèsonèlman sou Latè a kòm Jij mò yo, e sa ki vivan yo.
  10. Satan li menm pèsonèlman, se lènmi espirityèl Bondye ak lòm.
  11. Sila yo ki pa kwè nan Kris va resevwa yon pinisyon konsyan ki va dire pou tout tan, men kwayan yo va jwi lavi etènèl avèk Bondye.
  12. Sèl maryaj ki lejitim se ant yon gason e yon fi. Bondye kòmande ke lòm pa ka angaje nan okenn aktivite seksyèl andeyò maryaj.

Jeneral

  1. Lekriti a anseye yon orijin resan pou lòm e tout kreyasyon an.
  2. Jou yo nan Jenèz pa koresponn avèk laj jeyolojik men yo se 6 jou Kreyasyon youn aprè lòt, ki genyen 24 èd tan.
  3. Delij Noe a se te yon evènman jeyolojik ki genyen anpil enpòtans e anpil (men pa tout) nan rapò ki genyen fosil, te fèt lè sa.
  4. Teyori "espas" la pa gen okenn baz nan Lekriti.
  5. Nou rejte vi a ke yo sèvi souvan pou yo chape anba enplikasyon e otorite ansèyman Biblik. Vi sa di ke nou kapab divize konesans e verite nan pati "sekilè" e "relijye".
  6. Okenn entèpretasyon (swa se aparan swa se atravè pèsepsyon oubyen sa yon moun di) sou evidans nan nenpòt domèn (menm istwa e kwonoloji) kapab valab si li nan kontradiksyon avèk rapò Lekriti a.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.