Istwa

Nan 1979, Ken Ham te kite pozisyon li kòm yon pwofesè syans nan yon lise nan Kwinzlann, Ostrali, pou li kòmanse yon ministè Kreyasyon avèk madanm li, Mally, pou ekipe Kretyen avèk repons pou lafwa yo. Papa Ken te leve li pou l gade nan Bib la pou repons, e pou mete plis konfyans nan otorite li ke nan konnesans syantifik aktyèl. Ken atribye pi fò ministè Repons nan Jenèz se akoz enfliyans papa li.

Nan ane ki te apre yo, Ken Ham, avèk fanmi li te ale Ozetazini kòm misyonè ke legliz yo (Sunnybank Batis nan Brizbèn) te komisyonnen. Nan 1994 yo te kòmanse ministè Repons nan Jenèz-U.S. la nan zòn Sennsinati paske li te yon si bon kote pou bati Mize Kreyasyon an—yon vizyon Ken te genyen depi lontan—nan avni a. Lokasyon sa a te mete 2/3 nan popilasyon etazini andedan 1 046 kilomèt ministè a e li te toupre Ayewopò Entènasyonal Sennsinati e Kenntèki nò. Nan mwa Me 2007, rèv Ken te finalman reyalize lè yo te koupe riban yo pou gran ouvèti a pou 65 000 pye kare Mize Kreyasyon an, yon Mize resan e plen teknoloji, ki te koute 27 milyon dola. An menm tan, pandan yo t'ap fè denye preparasyon yo pou mize a, yo te akselere pati misyonè Repons nan Jenèz (ki se Repons Atravè Lemonn) lè yo te pran Doktè David R. Crandall kòm direktè nan mwa prentan 2006.

Doktè Crandall se yon ekspè nan misyon ki vwayaje nan 90 peyi nan yon ministè kwaze kilti. Repons Atravè Lemonn te vin genyen atansyon global vit pandan ekip tradiksyon te kòmanse tradwi liv e DVD RnJ nan 76 lang diferan. Doktè Crandall te kòmanse Seminè Fòmasyon Entènasyonal la pou anseye lidè entènasyonal kòman yo kapab pale efektivman sou kreyasyon nan pwòp peyi pa yo. Repons Atravè Lemonn te kòmanse yon sit pou anseye tout moun nan monn lan verite yo ki nan Pawòl Bondye a, nan pwòp lang pa yo.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.