Mize Kreyasyon an

Mize Kreyasyon an prezante yon eksperyans ki inik e san parèy, yon mach atravè tan ki montre evènman tan pase yo ki siyifikatif e te chanje lavi. Li eklèsi efè istwa biblik yo sou monn aktyèl e monn fiti nou.

Prepare ou pou fè eksperyans avèk istwa nan yon fason konpletman san parèy.

70 000 pye kare mize a, ki teknikman modèn, fè paj Bib yo sanble vivan. Li mete karaktè e zannimo yo nan yon fòm dinamik e plase yo nan yon atmosfè komen. Adan e Ev viv nan Jaden Edenn lan. Ti moun jwe e dinozò pwonmennen bò Rivyè Edenn yo. Sèpan an poze riz nan Pyebwa Konesans Byen e Mal la. Miral majistral, e gran desen ki plen avèk koulè ki briye, e avèk anpil detay, bay yon bakgrawonn pou atmosfè a.

Zòn ki andedan mize a divize nan espas ki ranje byen pou pèmèt vizitè yo entegre avèk chak nan 160 ekzibisyon yo. Plizyè pati nan mize a genyen gwo espas vid e yo desine remakab, tankou bèl antre a ki gen 44 pye wotè avèk yon mi ki sanble yon mòn, e li genyen fenèt, soti atè a rive nan kouvèti kay la.

Pwonmennen nan Jaden Edenn lan. Pyebwa Lavi a, ki nan mitan jaden an, lonje branch li yo ki chaje avèk fwi mi. Vin fas a fas avèk yon sowopòd, yon dinozò avèk dimansyon enkwayab. Kò jeyan li a pase nan raje a pandan l'ap manje plant yo. Fè konesans avèk kameleyon nou yo. Egzamine zo, yon nich ze dinozò, yon koleksyon fosil ki eksepsyonèl, e yon koleksyon mineral. Mache nan Kav Lapenn lan e wè efè terib yo ki akòz Chit lòm lan. Son yon monn ki ravaje akòz peche fè eko nan chanm nan. E finalman wè Ayo a ki te sakrifye sou lakwa a, e espwa redanmsyon an.

Sijè ekzibisyon yo resonen nan prezantasyon sinema yo: Nèg yo an Blanch, Sis Jou Kreyasyon yo, Dènye Adan an, e Dinozò yo e Dragon yo. Sinema Efè Espesyal nou an, ki genyen chèz ki souke e farinaj ki leve, pran vizitè yo sou yon ekspedisyon estrawòdinè pou yo jwenn vrè bi e siyifikasyon lavi a.

Nan Planèteriem Gadè Zetwal nou an, chak chèz se yon kote pou voye fize anlè. Prepare pou sote anlè. Pwojektè dijital la montre yon vòl nan espas ki nye pezantè, yon woulib eksite ki dire 22 minit men ki rive plizyè milya ane limyè nan rejyon ki jis deyò linivè a. Imaj ki pran souf ou e distans ki enkonpreyansib, fè vwayaj nan espas sa a (anba dòm nan), yon eksperyans ki angaje konplètman.

Wè echafoday la, e santi bwa yo ki fenk siye sou sit travay Lach Noe a. Antre nan vant Lach la e imagine pak yo plen bèt nan yon zòn kwense. Koute loray k'ap gwonde e son yon lapli k'ap tonbe fò e son dlo yo k'ap bat sou kote gran Lach la.

W'ap jwenn dinozò nou yo ap viv nan jaden nou e ap drive nan sal ekzibisyon nou yo. Petèt bèt sa yo ki ap bat je yo, brase bouch yo, e souke ke yo va fè kèk nan vizitè yo pantan. Ti moun yo va kontan pou wè varyete eskilti dinozò yo nan koleksyon nou ki genyen yon estègosò, dilofòsò, e asireman, yon jeyan Tiranozorèks! Yo kapab monte sou triseratop nou an ki sele, pou fè foto yo avèk yon dinozò.

Lavi te kòmanse nan yon jaden...

Kreyati ki gwo e piti abite nan 3 jaden yo ki dekore teritwa a nan Mize Kreyasyon an. Tòti yo ap bwè solèy poze sou bwa nan letan an pandan yon dinozò ki fèt avèk zèb kanpe 12 pye wotè nan jaden forè lapli a. Flè klere yo atire wanga nègès e papiyon vini nan yon jaden sou yon ti mòn, e jaden ki nan yon ma se kay pou plant kanivò yo tankou meveye Pèlen Mouch Venis la e plant Po a. Èske ou kapab idantifye zonyon li a avèk ke zandolit la?

Nou te plase pliske 6 000 plant nan letan an e genyen pliske 500 kalite plant ki plen jaden yo. Yo montre plizyè kalite desen e yon melanj koulè ke vizitè yo kapab eksplore.

Jwi yon dine piknik avèk fanmi ou anba lonbraj youn nan gwo pis nou yo. Pwonmennen sou wout Pye Seriz. Pon ki genyen ak yo, lakou ki kouvri avèk mozayik yo, e gran palwa a jwente atravè yon wout 5 pye nan lajè ki preske yon kilomèt edmi nan longè, e li bon pou chèz woulan.

Kafeterya Noe se yon kote pafè pou touris ki fatige e grangou ka kanpe. Manje yon sandwitch e salad, oubyen yon esnak e bwason. Mi e tèt kafeterya yo desine byen e yo fèt avèk banbou ki kreye yon sansasyon twopikal e yon atmosfè byen poze. Yon miral ki 27 pye nan gwosè montre Lach la poze sou Mòn Arara yo. Mete pye ou sou galeri a, ki fèt avèk bwa Epay ke yo te enpòte, pou yon vi dramatik sou tèren mize a.

Libreri Kav Dragon an rich nan istwa dragon e li ofri videyo, liv pou fè moun kado, liv teknik (diksyone Biblik e liv referans tou), kourikoulòm e tradiksyon Repons nan Jenèz ki pi resan yo, ansanm avèk bagay ki koresponn avèk mize a.

Bib la pale pou tèt li nan Mize Kreyasyon an. Nou sèlman prepare chemen an pou yon pi bon konpreyansyon konsènan kwayans kreyasyon e redanmsyon. Chanm ekzibisyon nou yo dekore avèk verite, e jaden nou yo ranpli avèk siy vizib lavi a.

Nou envite ou pou visite Mize Kreyasyon an. Lavi ou kapab chanje pou tout tan.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.